Accessibility links

Breaking News

Fanmi Pele Rasanble nan Lopital Sao Paulo a

Yon moun pouse yon kabwet ki chaje ak fatra pou resiklaj devan yon miray ki gen foto Foutbole vedet Brezilyen Pele kap bo foutbole vedet Ajanten Diego Maradona nan Sao Paulo, Brezil, Samdi 24 Desanm, 2022.

Fanmi ikon foutbòl Brezilyen Pele rasanble nan lopital Albert Einstein la nan vil Sao Paulo, kote vedet la entene depi fen mwad Novanm nan.

Pele, ki gen 82 zan ap soufri ak kanse. Semen pase a, dokte li te revele kondisyon ni agrave e ke lap resevwa swen pou maladi ren ak ke kounyea.

Lopital la pa pibliye oken deklarasyon sou eta sante Pele depi le a.

Pele te ede seleksyon nasyonal Brezil la ranpòte Mondyal la an 1958, 1962, ak 1970.

Li rete youn nan foutbole ki make plis gòl nan listwa - swa 77.

Neymar te rive egalize rekò Pele a pandan Mondyal Qatar la.

XS
SM
MD
LG