Accessibility links

Breaking News

Chita-Koze ant Trudeau, Obrador, Biden

Prezidan Joe Biden, Prezidan Meksik Andres Manuel Lopez Obrador epi Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pandan Rankont o Some Lide Amerik di No yo nan Meksiko Siti, Meksik, 10 Janvye 2023.
Prezidan Joe Biden, Prezidan Meksik Andres Manuel Lopez Obrador epi Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pandan Rankont o Some Lide Amerik di No yo nan Meksiko Siti, Meksik, 10 Janvye 2023.

Lidè Kanada, Meksik ak Etazini reyini jodi madi a nan vil Meksiko pou yon somè ki, dapre Mezon Blanch, pwal santre sou sekirite ak koperasyon ekonomik nan rejyon an.

Chita-koze ant lidè 3 peyi yo -- Premye-minis Kanadyen Justin Trudeau, Prezidan meksiken Andrés Manuel Obrador ak Prezidan Etazini Joe Biden pwal dewoule apre yon seyans kote otorite Etazini ak Kanada pwal pale sou kesyon konbat chanjman klima ak mwayen pou sipòte Ikrèn ki ap batay kont yon envazyon LaRisi.

Lendi, migrasyon, chanjman klima, komès ak endistri manifakti sete gran pwen nan yon chita-koze Etazini-Meksik, kote Lopez Obrador te ekzòte ak tout fòs lide pou peyi nan kontinan an gen plis entegrasyon antre yo.

“Y ap pale pawòl delika, ke yo oblije di ak pòt fèmen,” se pawòl konseye sekirite nasyonal Jake Sullivan, ki anpil fwa pale de somè a kòm yon rankont 3 amigos, 3 zanmi.

Lidè Kanada, Meksik ak Etazini gen pou yo reyini jodi madi a nan vil Meksiko pou yon somè ki, dapre Mezon Blanch, pwal santre sou sekirite ak koperasyon ekonomik nan rejyon an.

Chita-koze ant lidè 3 peyi yo ak Premye-minis Kanadyen Justin Trudeau, Prezidan meksiken Andrés Manuel Obrador ak Prezidan Etazini Joe Biden pwal dewoule apre yon seyans kote otorite Etazini ak Kanada pwal pale sou kesyon konbat chanjman klima ak mwayen pou sipòte Ikrèn ki ap batay kont yon envazyon LaRisi.

XS
SM
MD
LG