Accessibility links

Breaking News

Repibliken yo Mande Ajans Ransèyman Bay Kont Randi 'Dega' Potansyèl Dokiman Sekrè Biden yo te ka Koze


Bilding kote Prezidan Joe Biden te gen yon biwo nan ansyen enstiti Penn Biden nan, nan Washington, 10 Janvye 2023.
Bilding kote Prezidan Joe Biden te gen yon biwo nan ansyen enstiti Penn Biden nan, nan Washington, 10 Janvye 2023.

Repibliken pi wo plase nan Komisyon Ransèyman Lachanm Depite a mande pou ajans ransèyman Etazini fè konsta "dega" potansyèl dokiman sekrè yo jwenn nan ansyen biwo Prezidan Joe Biden te genyen nan yon enstiti nan Washington.

Depite Mike Turner voye demann nan bay Direktè Ransèyman Nasyonal Avril Haines. Li di le fèt ke Biden te kenbe dokiman sa yo vle di li te petèt "vyole lwa ki pwoteje sekirite nasyonal, pami yo Lwa Espyonaj la ak Lwa Dokiman Prezidansyèl la.

Demann sa a fèt yon jou apre Lamezonblanch te konfime ke Depatman Jistis la ap revize "yon ti gwoup dokiman sekrè" ke yo te dekouvri nan moman avoka Biden yo tap ranmase sak te nan biwo Biden te genyen nan sant Penn Biden nan.

XS
SM
MD
LG