Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Etazini Rejte Demann Trump Fè Pa Rapò ak Batay Legal li ak FBI


Kou Siprem Etazini, Madi 11 Oct. 2022, nan Washington.
Kou Siprem Etazini, Madi 11 Oct. 2022, nan Washington.

Kou Siprèm Etazini rejte demann ex-Prezidan Donald Trump fè pou'l jwe wòl abit nan kont legal li ak FBI sou kestyon fouy yo te fè lakay li.

Jij yo pa fè okenn lòt komantè Jedi sou poukisa yo voye jete demann dijans Trump fè a.

Trump te mande jij yo ranvèse desizyon yon tribinal federal te pran epi kite yon mèt espesyal revize yon afè 100 dokiman sekrè FBI te sezi lakay li, Mar-a-Lago, 8 Out pase a.

XS
SM
MD
LG