Accessibility links

Breaking News

Dènye Seyans Depozisyon Komisyon Ankèt sou Atak 6 Janvye

Rain falls on the U.S. Capitol ahead of the final planned public hearing of the U.S. House Select Committee to investigate the January 6 Attack on the U.S. Capitol, on Capitol Hill in Washington, Oct.13, 2022.

Komisyon nan Kongrè Etazini an k ap mennen ankèt sou atak 6 Janvye 2021 sou Kapitol Etazini an gen pou li fè jedi sa ki ka dènye seyans depozisyon piblik li, kote kèk manm pwomèt pou yo vini ak nouvo revelasyon sou wòl ansyen Prezidan Donald Trump nan aktivite ki te mennen nan atak la.

Seyans la k ap pase sou televizyon ofri, dapre kèk manm komisyon an nan Chanm Reprezantan an, yon gran tablo sou sa panel la jwenn kouk kounyea, lè l ap devwale prèv ke yo fèk jwenn ki konekte Trump ak asosye li yo nan gwoup ekstrèm-dwat ki te mare konplo pou deblozay la.

Seyans depozisyon an te fikse pou dewoule 29 Septanm anvan Kongrè a te kanpe travay pou ale nan eleksyon mitan manda yo, men yo te ranvwaye li lè Siklòn Ian te malmennen yon bò nan eta Florid ak Kawolin di Sid.

XS
SM
MD
LG