Accessibility links

Breaking News

Trump Mande Kou Siprèm nan Entèveni sou Dosye Mar-a-Lago a


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Wilmington, Kawolin di No, 23 Sept. 2022.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Wilmington, Kawolin di No, 23 Sept. 2022.

Avoka kap defann ansyen Prezidan Donald Trump mande Kou Siprèm Etazini antre nan batay legal kap fèt sou kestyon dokiman FBI te sezi lakay misye nan eta Florid.

Ekip trump la mande tribinal la Madi pou'l ranvèse desizyon yon tribinal federal te pran pi bonè pou kite yon medyatè endepandan oubyen yon mèt espesyal revize yon afè 100 dokiman sekrè ke FBI te sezi 8 Out pase a.

Yon panèl 3 jij mwa pase a te limite revizyon dokiman sa yo a sa yo sèlman ki pa sekrè.

Se yon jij veteran ki se moun Brooklyn nan Nouyok e ki rele Raymond Dearie kap aji kom mèt espesyal pa rapo ak dosye sa a.

XS
SM
MD
LG