Accessibility links

Breaking News

Komisè Gouvènman Nouyok Akize Trump de Fwod Komèsyal


Foto Achiv: Donald Trump, a dwat, chita ak pitit li yo (de goch a dwat) Eric, Donald Jr. epi Ivanka.
Foto Achiv: Donald Trump, a dwat, chita ak pitit li yo (de goch a dwat) Eric, Donald Jr. epi Ivanka.

Komisè Nouyòk la akize ansyen Prezidan Donald Trump ak konpayi li dèske yo komèt fwod nan biznis yap fè. Pwosè legal la vize kèk pami byen imobilye pi prestije Trump yo - pami yo pwopriyete nan Manhattan, Chicago ak Washington.

Se Letitia James ki depoze dokiman legal la devan tribinal eta Nouyòk Mèkredi. Li vini apre 3 zan ankèt sivil sou Trump ak òganizasyon Trump la.

Twa pami pitit Trump yo, a savwa Donald Jr., Ivanka ak Eric Trump nomen kòm akize tou, ansanm ak 2 anplwaye kap travay pou konpayi a depi lontan, Allen Weisselberg ak Jeffrey McConney.

Alina Habba, yon avoka pou Trump deklare: pwosè a pa "santre sou ni fè yo, ni lwa peyi a."

XS
SM
MD
LG