Accessibility links

Breaking News

Depatman Jistis Mande yon Kou d Apèl Leve Restriksyon Jij Florid Enpoze Kont Ankèt Lap Mennen sou Trump


Paj dokiman legal Depatman Jistis depoze devan Kou D Apel federal Atlanta a, 16 Sept. 2022.
Paj dokiman legal Depatman Jistis depoze devan Kou D Apel federal Atlanta a, 16 Sept. 2022.

Depatman Jistis Etazini mande yon kou d apèl federal leve lòd yon jij pase ki bloke li pwovizwaman kont travay lap fè pou revize dokiman sekrè FBI te sezi lakay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid nan mwad Out la.

Depatman an fè demann nan Vandredi devan kou d apèl federal ki sitye nan Atlanta.

Dokiman legal la di lòd jij Florid la pase a anpeche "jefò gouvènman an ap fè pou pwoteje sekirite nasyon an." li ajoute Mezi a entèfere ak ankèt lajistis ap mennen sou prezans enfomasyon tòp sekrè nan Mar-a-Lago (gwo chato kay prezidan Trump la).

Depatman Jistis la di fòk yo anile lòd jij la tou swit pou ke li ka reprann travay li sou dosye sa a.

XS
SM
MD
LG