Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Akòde Demann Trump fè pou Nomen yon Met Espesyal pou Jere Revizyon Dosye Klasifye yo


Yon paj nan lod yon jij pase pou akode demann ansyen prezidan Donald Trump fe pou nomen yon met espesyal pou revize dokiman FBI te sezi lakay li nan eta Florid, 5 Sept. 2022.
Yon paj nan lod yon jij pase pou akode demann ansyen prezidan Donald Trump fe pou nomen yon met espesyal pou revize dokiman FBI te sezi lakay li nan eta Florid, 5 Sept. 2022.

Yon jij federal akòde demann ansyen Prezidan Donald Trump fè pou l nomen yon mèt espesyal pou revize dokiman FBI te sezi lakay li nan Florid mwa pase a.

Se Jij Aileen Cannon ki pran desizyon sa a malgre Depatman Jistis la pat dako. Depatman an te di yon ekspè legal endepandan pa nesesè an pati paske yo deja finn revize tout dokiman ki pwoteje pa stati privileje ant yon avoka ak kliyan li.

Nominasyon an taka ralanti pwosesis ankèt depatman an ap mennen sou dosye top sekrè li te dekouvri nan Mar-a-Lago. Sepandan li poko klè si sa pral afekte desizyon kap pran nan kad ankèt la ni rezilta ankèt la.

XS
SM
MD
LG