Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Pibliye Lis Bagay yo Sezi Kay Trump yo


Kay ansyen Prezidan Donald Trump nan Palm Beach Florid, Mar-a-Lago, 31 Out, 2022.
Kay ansyen Prezidan Donald Trump nan Palm Beach Florid, Mar-a-Lago, 31 Out, 2022.

Ajan FBI ki te fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid mwa pase a te jwenn dosye vid ki make "klasifye".

Se sa yon envantwa pi detaye tout sa yo te sezi ke Depatman Jistis la pibliye Vandredi fè konnen.

Envantwa a revele an tèm jeneral kontni 33 bwèt ajan FBI pran nan Mar-a-Lago pandan fouy 8 Out la.

Li montre kijan jounal, magazin ak lot batenklen te melanje pami dokiman anketè yo di te make "klasifye" (sekrè) epi "top sekrè".

XS
SM
MD
LG