Accessibility links

Breaking News

App Android Truth Social la Poko Apwouve sou Google Play Store


Foto Achiv: Applikasyon Truth Social la a nan magazen Apple la - App Store.
Foto Achiv: Applikasyon Truth Social la a nan magazen Apple la - App Store.

Nouvo rezo sosyal ansyen Prezidan Donald Trump la, Truth Social, poko apwouve pou distribisyon nan magazen Google Play Store la. Yon pot pawol Google di se paske yo pa modere kontni a sifizaman.

Reta a se yon gwo kou pou applikasyon an ke Apple Store Apple la te mete sou platfom pa li depi 21 Fevriye pase a. Telefon Android yo reprezante 40% mache telefon entelijan Ameriken an. San magazen Google ak Apple yo pa gen okenn fason fasil pou moun telechaje rezo Truth Social la.

Google pibliye yon deklarasyon kote li di: "19 Out nou te notifye Truth Social de plizyè vyolasyon politik yon ak standar nou pa rapo ak dokiman yo voye ba nou e nou te reitere ke yon sistèm efikas pou modere kontni itilizatè yo, ki se yon egzijans tèm sèvis nou pou moun ki vle mete app yo sou platfom nou an."

XS
SM
MD
LG