Accessibility links

Breaking News

Biden Defann FBI la, Ankouraje Entèdiksyon Zam Fann Fwa


Prezidan Joe Biden pran la pawol nan sant Arnaud C. Marts la sou kanpis inivesite Wilkes nan eta Pensilvani Madi 30 Out, 2022.
Prezidan Joe Biden pran la pawol nan sant Arnaud C. Marts la sou kanpis inivesite Wilkes nan eta Pensilvani Madi 30 Out, 2022.

Prezidan Joe Biden defann ak tout fòs li FBI nan moman ajans la ak anplwaye li yo ap fe fas ak yon pakèt kritik ak menas vyolans depi yo finn egzekite yon manda pou fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid pi bonè mwa sa a.

Biden di yon foul plis pase 500 moun ki te rasanble pou wè'l nan inivèsite Wilkes nan eta Pensilvani Madi ke li "degoutan pou we nouvo atak kap fèt kont FBI la."

Biden pwomèt tou ke admnistrasyon li an pral kontinye pran mezi pou konbat krim epi mete presyon sou Kongrè a pou'l re-aktive yon entèdiksyon federal ki ekspire depi lontan kont zam fann fwa yo.

Biden chante lwanj Kongrè a pou restriksyon zam li deja apwouve e li ajoute " nou pap rete la."

XS
SM
MD
LG