Accessibility links

Breaking News

Biden: Se Depatman Jistis la ki Va Deside si Sekirite Nasyonal Peyi a te Menase Lakay Trump


Prezidan Joe Biden koute pandan yon rankont ak responsab eta yo ak responsab lokal nan Lamezonblanch, Vandredi 26 Out, 2022 nan Washington.
Prezidan Joe Biden koute pandan yon rankont ak responsab eta yo ak responsab lokal nan Lamezonblanch, Vandredi 26 Out, 2022 nan Washington.

Prezidan Joe Biden di jounalis yo Vandredi se Depatman Jistis la ki va detèrmine si sekirite nasyonal Etazini te menase lakay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid, kote ajan FBI te rekipere dokiman sekrè nan yon desantdelye yo te fè lakay li pi bonè mwa sa a.

Biden te reponn: "Nou pral kite Depatman Jistis la fè detèrminasyon sa a," lè jounalis yo te mande'l si gen posibilite pou sekirite nasyonal peyi a te menase akoz dokiman ki te lakay Trump la, Mar-a-Lago.

XS
SM
MD
LG