Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal Pase Lòd pou Pibliye Affidavit pou Fouye Kay Trump la


Kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, Mekredi 10 Out, 2022.
Kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, Mekredi 10 Out, 2022.

Yon jij pase lòd bay Depatman Jistis la pou'l rann piblik yon vèsyon affidavit pou fouye kay Trump la ki kache tout sa ki dwe rete sekrè. Se affidavit sa a ke ajan federal yo te sèvi kòm jistifikasyon pou desantdelye lakay ansyen prezidan Donald Trump nan Florid, pou chache dokiman sekrè.

Se Jij Bruce Reinhart ki bay direktiv sa a kèk hè'd tan apre depatman jistis la te remèt ba li yon dokiman sele ki gen pati affidavit la yo vle pou rete sekrè. Yo mande pou fè sa nan moman ankèt la ap pousuiv.

Jij la di depatman an dwe pibliye vèsyon pa li de dokiman an anvan midi Vandredi.

Gen anpil chans pou chanjman depatman an pwopoze anpil, kidonk li poko klè konbyen nouvo enfomasyon sou ankèt la, li pral revele.

XS
SM
MD
LG