Accessibility links

Breaking News

Trump ap Chache Anpeche Pwovizwaman FBI Gade Materyo li te Sezi Lakay li nan Florid


Ajan Sevis Sekre ak zam nan men yo kanpe devan antre kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, Lendi 8 Out, 2022, nan Palm Beach, Florid.
Ajan Sevis Sekre ak zam nan men yo kanpe devan antre kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, Lendi 8 Out, 2022, nan Palm Beach, Florid.

Ansyen Prezidan Donald Trump mande yon tribinal federal Lendi pou'l bloke pwovizwaman FBI pou anpeche'l revize materyo ajan yo te sezi lakay li nan eta Florid, jiskaske yon yo ka nomen yon jeran espesyal pou sipèvize pwosesis la.

Dokiman Trump depoze devan tribinal federal Wet Palm Beach la nan Florid, mande tou pou Depatman Jistis la ba li yon resi ki gen plis detay sou tout sa li te sezi nan Mar-a-Lago, 8 Out. Li mande pou anketè yo remèt ba li tou, tout sa yo te pran ke manda pou fouye kay li pap kouvri.

"Politik paka afekte administrasyon jistis," dokiman an di. "Ranfosman lwa peyi a se yon boukliye ki pwoteje Ameriken. Yo pa dwe sèvi avè'l kom zouti pou rezon politik."

Se Jij Aileen M. Cannon, ke Prezidan Trump te nomen, ki pral pran yon desizyon sou demann nan.

Jij Bruce Reinhart, ki se jij ki te apwouve mande pou fouye kay Trump, ap reflechi pou wè si li ta dwe egzije Depatman Jistis la pibliye yon kopi affidavit la, ki kache enfòmasyon sekrè e ki bay detay sou tout prèv la jistis te genyen pou fè'l kwè pwobableman gen krim ki komèt epi mande pou fouye kay Trump la.

Depatman Jistis la te opoze ak tout fòs li piblikasyon dokiman an pandan yon odisyon semèn pase a. Li di sa pral bay moun "detay presi" sou ankèt li e petèt dekouraje temwen yo kowopere.

Nan yon lòd jij Reinhart pibliye Lendi, li di li dakò kè sote sa yo lejitim, men li vle eksplore si gen yon "altènativ ki mwen sevè pa rapò ak piblikasyon dokiman an."

XS
SM
MD
LG