Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Manm Repibliken Kongrѐ a Menase pou Yo Ouvri yon Ankѐt sou Aksyon FBI


FBI Director Christopher Wray speaks to journalists at the Omaha FBI office on Aug.10, 2022, in Omaha, Neb.
FBI Director Christopher Wray speaks to journalists at the Omaha FBI office on Aug.10, 2022, in Omaha, Neb.

Depatman Jistis Lѐzetazini mande yon jij federal pou l pa pibliye yon afidevit ki te prepare sou sѐman e ki te sѐvi pou ajan FBI t al pran yon afѐ de 11 seri dokimann sekrѐ gouvѐnman an ki te nan yon kay ansyen Prezidan Donald Trump posede nan Eta Florid. Afidavit la te sѐvi kòm baz demach ki te konvenk jij la pou l siyen manda ajan federal yo te itilize pu yo t al fouye kay Trump genyen nan Mar-a-Lago jou lendi 8 out pase a.

Nan yon dosye legal avoka gouvѐnman yo depoze nan tribinal, yo di afidavit la gen ladan l materyѐl ki ekstrѐmman sekrѐ ak enfòmasyon trѐ sansib konsѐnan depozisyon temwen te fѐ e si jij la pѐmѐt yo pibliye sa k ladan l, sa kapab genyen move konsekans sou suit envestigasyon an.

Pandansetan, nan jounen lendi 15 out la, pandan alye ansyen Prezidan an nan Kongrѐ a ap fѐ demach pou yo mennen yon ankѐt sou fouy FBI t al fѐ lakay li a, Donald Trump bay yon entѐvyou kote li deklare:

“Tanperati a monte twò wo nan peyi a.”

Trump pale konsa menm nan moman kote li kontinye lanse lide, san l pa gen prѐv, ke se ajan federal yo ki t ale lakay li an kachѐt pou yo te depoze evidans ki montre li te komѐt krim, li te vyole lalwa.

Nan entѐvyou a -ki se premye li bay laprѐs depi ajan FBI t al fouye chato kay li genyen nan Mar-a-Lago, nan Eta FLorid- Trump di chѐn enfòmasyon Fox News Digital :

“Pa t janm genyen yon moman konsa kote Leta te itilize reprezantan lajistis pou l al kase kay yon ansyen Prezidan Dezetazini, sa ki pwovoke gwo kolѐ nan peyi a... jiska yon nivo moun pa t janm wѐ anvan sa, eksepte nan epòk kote peyi a te vrѐman an danje.”

An reyalite, ajan FBI yo pa t kase kay ansyen Prezidan an pou yo te antre ladan l. Olye de sa, yo te itilize yon manda, avѐk diyati yon jij federal, akoz yo te genyen bon jan sispisyon ke ansyen Prezidan an te komѐt yon vyolasyon lalwa, li te komѐt yon krim.

XS
SM
MD
LG