Accessibility links

Breaking News

Depite eta Wyoming Liz Cheney ap Goumen pou Sove Plas li nan Chanm nan


Liz Cheney
Liz Cheney

Depite eta Wyoming Liz Cheney, yon lidè nan rezistans Repibliken an kont ansyen prezidan Donald Trump, ap goumen pou sove plas li nan Chanm Reprezantan Etazini an jodi madi a pandan elektè yo ap bay dizon pa yo sou direksyon pati Repibliken an.

Ekip Cheney a ka pèdi devan advèsè ke Trump apiye a nan eta a kote li te ranpòte gwo viktwa nan kous 2020 an. Kit li genyen, kit li pèdi, Liz Cheney ki gen 56 lane, ki se pitit fi yon ansyen vis-prezidan, sèmante pou li rete nan politik peyi a kote li ap konsidere yon kous prezidansyèl an 2024. Men pou kounyea, Cheney ap fè fas ak yon menas ki pa piti bò kote advèsè Repibliken Harriet Hageman, yon avoka nan vil Cheyenn nan Wyoming ki ranmase tout firè mouvman Trump la nan efò pou li mete Cheney deyò nan Chanm Reprezantan an.

XS
SM
MD
LG