Accessibility links

Breaking News

Detay sou Manda ki te Pèmèt FBI Fouye Kay Trump Taka vinn Piblik Vandredi


Dokiman legal Depatman Jistis Etazini prezante bay tribinal federal sid Florid la pou mande'l rann piblik manda ki te otorize FBI fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid la.
Dokiman legal Depatman Jistis Etazini prezante bay tribinal federal sid Florid la pou mande'l rann piblik manda ki te otorize FBI fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid la.

Nouvo detay sou sak te lakoz Minis Jistis Etazini an, Merrick Garland te bay otorizasyon pou fouye kay Donald Trump nan Florid - yon bagay ki poko janm fèt nan listwa Etazini - taka vinn piblik osito ke Vandredi apremidi, apre ansyen prezidan an deklare li pap opoze demann pou rann manda a piblik.

Si yo pibliye'l, manda a pap bay detay sou tout prèv FBI la te prezante bay jij federal Bruce Reinhart pou konsantman li. Sepandan li takapab jete limyè sou ki lwa avoka gouvènman yo kwè Trump te vyole, pa egzanp, lwa ki entèdi yon moun pran san otorizasyon epi kenbe lakay li dokiman sekrè.

Vandredi, Trump demanti rapò ki parèt nan jounal Washington Post pou di FBI te fouye kay li, Mar-a-Lago pou chache dokiman sekrè ki gen rapò ak zam nikleyè. Li ekri sou rezo sosyal li ke "kestyon zam nikleyè a se yon "move blag".

Reuters patka konfime rapò Washington Post la, e Garland derefize dekri piblikman sijè envestigasyon an.

Si vreman-vre Trump te kenbe dosye ki gen pou wè ak zam nikleyè lakay li, ekspè yo di materyo konsa taka potansyèlman gen etikèt "top secret (sekrè maksimom)" sou yo ki se dokiman pi sekrè peyi a, ke yo rezève pou pi gwo sekrè Etazini pa rapò ak sekirite nasyonal.

David Laufman, ki te dirije seksyon Kont-Entelijans ak Konwòl Ekspò Depatman Jistis la deklare: "Sètènman, enfòmasyon sekrè ki gen pou wè ak zam nikleyè, jan Washington Post rapòte'l la, se tap tipikman yon klasifikasyon nan wo nivo." Se menm seksyon sa a kap dirije ankèt Trump la.

Garlan te pran yon mezi Ameriken pa wè souvan Jedi, lè li te anonse depatman jistis la te mande jij Reinhart pou'l rann piblik manda ki te otorize FBI fouye Mar-a-Lago. Li te fè sa apre yon deklarasyon Trump te fè pou di fouy la sete reprezay politik epi li sigjere san li pa bay okenn prèv ke li posib FBI te lage prèv kont li lakay li pandan yo tap fè fouy la.

Reinhard enpoze yon dat limit 3 zè nan apremidi Vandredi (1900 GMT) pou avoka gouvènman yo fè'l konnen si avoka Trump yo pral opoze devwalman manda a.

Byen ta Jedi, Trump te pibliye yon deklarasyon sou rezo sosyal pou di li pa gen entansyon opoze piblikasyon an. "Pibliye dokiman yo kounyela a!" Trump ekri.

Ajan Sevis Sekre ak zam nan men yo kanpe devan antre kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, Lendi 8 Out, 2022, nan Palm Beach, Florid.
Ajan Sevis Sekre ak zam nan men yo kanpe devan antre kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, Lendi 8 Out, 2022, nan Palm Beach, Florid.

BWAT MISTERYE

Demann Depatman Jistis la mande pou pibliye manda a ansanm ak yon lis tout sa FBI te sezi lakay li. Kapab gen kèk bagay yo pa revele pou rezon sekirite.

Yon sous te di Reuters ke FBI te wetire apepre 10 bèt kay Trump, men konteni bwèt sa yo rete yon mistè.

Li posib dokiman tribinal la va pibliye va bay kèk detay sou ki kote egzakteman FBI te fouye andedan Mar-a-Lago, e kisa yo tap chache. Li posib tou pou manda a site lwa ki jisitye fouy konsa, ansyen responsab Depatman Jistis la fè konnen.

Lwa kriminèl federal Etazini ki gen pou wè ak enfòmasyon sekrè taka gen ladann Lwa Espyonaj la, ke yo ka sèvi pou mennen pwosè kont moun ki maltrete dokiman sekrè.

Gen yon lòt lwa ki entèdi yon moun wetire e kenbe san konsantman dokiman ak materyo sekrè. Trump te ogmante penalite pou krim sa yo lè li te sou pouvwa a, e li te fèl tounen yon krim ki gen yon pinisyon 5 an prizon.

Sa manda a pap gen ladann, se detay sou sa gouvènman an aprann jiskaprezan sou materyo Trump te genyen lakay li.

Detay konsa ta fè pati yon affidavit ke avoka gouvènman an ta prezante bay tribinal la pou apiye deman pou manda a. Depatman Jistis la pa mande jij la pibliye affidavit la.

An teyori, Trump takapab mande pou yo pibliye'l men li pa klè si Depatman Jistis la ta apiye yon demann konsa.

XS
SM
MD
LG