Accessibility links

Breaking News

FBI Tap Chache Dokiman Nikleyè Lakay Trump, Dapre Washington Post


Lapolis ap jere sikilasyon an devan kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, 8 Out 2022.
Lapolis ap jere sikilasyon an devan kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, 8 Out 2022.

Ajan federal Ameriken tap chache dokiman ki gen rapò ak zam nikleyè lè yo te fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump la nan eta Florid semèn sa a, dapre sa jounal Washington Post rapòte Jedi.

Li pa klè si vreman vre yo te rekipere dokiman konsa lakay ansyen prezidan an, an palan de Mar-a-Lago nan Palm Beach. Reuters patka konfime rapò a.

Depatman Jistis la mande yon jij Jedi pou'l rann piblik manda ki te otorize FBI la fouye Mar-a-Lago apre Trump, yon Repibliken te deklare se reprezay politik yap pran kont li.

Demann nan vle di piblik la takapab aprann anvan lontan kisa anketè yo tap chache nan fouy lakay yon ansyen prezidan - ki se yon bagay ki poko janm fèt anvan.

Mezi a fè pati yon ankèt pou konnen si Trump te wetire ilegalman dosye Lamezonblanch lè li te kite pouvwa a nan mwad Janvye 2021. Depatman Jistis la kwè kèk pami dokiman li te pran yo te dokiman sekrè.

Minis Jistis Merrick Garland, responsab jidisyè pi wo plase Ozetazini se yon wo fonksyonè Prezidan Joe Biden, yon Demokrat, nomen. Li deklare pandan yon konferans pou laprès Jedi ke li te apwouve fouye la pèsonèlman. Depatman Jistis la ap chache rann piblik tou, lis bagay yo te sezi kay Trump yo.

Garland fè konnen: "Depatman an pa pran desizyon sa yo a la lejè. Lè li posib, se pratik nou pou'n chache mwayen ki mwen anvayisan pou fè fouy yo, epi vize ak presizyon sa nap chache a."

Desizyon li pou konfime fouy la piblikman se yon bagay ki ra. D'abitid responsab la jistis Ameriken yo pa diskite ankèt yap mennen pou pwoteje dwa moun. Nan ka sa a Trump limenm te anonse fouy la Lendi swa, piblikman.

Yon sous di Reuters FBI pran 10 bwèt lakay trump pandan fouy la.

Ansyen prezidan an pat nan eta Florid lè fouy la fèt la.

Li poko klè si avoka Trump pral opoze piblikasyon manda a.

Gouvènman an gen jiska 3 zè Vandredi apremidi (lè Washington) pou kite tribinal la konnen si avoka Trump yo pral opoze demann pou pibliye sak nan manda a. Se jij federal Bruce Reinhart kap prezide ka a -- e se limenm ki te revize manda a pou asire Depatman Jistis la te gen ase koz pwobab pou egzekite fouy la.

XS
SM
MD
LG