Accessibility links

Breaking News

Trump Mande pou yo Pibliye Manda pou Fouye Mar-a-Lago a 'Tou Swit'


Ansyen Prezidan Donald Trump salye moun kap gade nan moman lap kite Trump Tower, Mekredi, 10 Out, 2022 nan Nouyok, pou'l al nan biwo komise gouvenman an.
Ansyen Prezidan Donald Trump salye moun kap gade nan moman lap kite Trump Tower, Mekredi, 10 Out, 2022 nan Nouyok, pou'l al nan biwo komise gouvenman an.

Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump mande pou yo pibliye "tou swit" manda federal FBI te sèvi pou fouye kay li nan eta Florid.

Nan mesaj li pibliye sou rezo sosyal li a Truth, Trump ekri: "Pibliye dokiman yo kounyela a!"

Depatman Jistis la mande yon tribinal rann manda a piblik Jedi. Minis Jistis la, Merrick Garland site kom rezon: "gwo enterè piblik sou kestyon sa a."

Garland di li te apwouve manda pou fouye kay la pèsonèlman, e ke sa fè pati yon ankèt Depatman Jistis la ap mennen sou dekouvèt dosye sekrè Lamezonblanch nan kay Trump la nan Palm Beach, Florid (Mar-a-Lago) pi bonè ane sa a.

XS
SM
MD
LG