Accessibility links

Breaking News

Direktè FBI Denonse Menas li Resevwa Apre Desantdelye Kay Trump


Direkte FBI Christopher Wray pale pandan yon konferans pou lapres, Mekredi 10 Out, 2022 nan vil Omaha, eta Nebraska.
Direkte FBI Christopher Wray pale pandan yon konferans pou lapres, Mekredi 10 Out, 2022 nan vil Omaha, eta Nebraska.

Direktè FBI la gen pawòl piman bouk pou patizan Prezidan Donald Trump ki ap sèvi ak retorik vyolan apre desantdelye ajan yo fè lakay ansyen prezidan an nan Mar-a-Lago, ki se rezidans li nan Palm Beach, Florid.

Christopher Wray deklare gen menas kap sikile sou entènèt la kont ajan federal yo ak Depatman Jistis la ki "deplorab e danjre".

Wray di jounalis yo: "Mwen si ou ka apresye ke mwen paka di anyen sou fouy la. Mwen refere'w a depatman jistis la. Men sou kestyon menas yo - te'm di mwen toujou gen ke sote sou zak vyolans ak menas vyolans kont ajan federal yo. Se yon sije mwen diskite souvan - e menm isit la nan Nebraska se sou sa nou tap pale. Epi nan Ioiwa ak Ilinwa. Nempot ki menas ki fet kont ajan federal, gason ak fanm kap travay pou F BI deplorab e danjre."

Wray ajoute: "Vyolans kont la jistis se pa yon bon repons kèlkeswa moun ou ta fache avèl la."

Sou entènèt la ak rezo sosyal yo, ekstremis zèl dwat yo pibliye anpil menas e yo lanse yon apèl pou moun pran lèzam, apre Trump te anonse FBI tap fouye kay li Lendi. Pami mesaj sa yo te gen apèl pou asasinen ajan federal e menm Minis Jistis Etazini an, Merrick Garland.

Direktè FBI Denonse Menas ki fèt Apre Fouy Kay Trump la
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:14 0:00

Nan Washington, potpawol Lamezonblanch la, Karine Jean Pierre di jounalis yo ni Prezidan Biden ni anplwaye Lamezonblanch pat konnen FBI tapral fouye kay Trump.

"Non prezidan an pat o kouran. Pesonn nan Lamezonblanch pat o kouram Sa pat fet. "

Madan Jean Pierre kontinye pou'l di: "Gade sa mwen ka di se ke prezidan an ak Lamezonblanch aprann nouvel la an lapres. Nou te vinn o kouran menm jan ak pep ameriken an. Nou pat konnen davans. Prezidan Biden di kleman depi nan komansman, anvan li te eli prezidan ke Depatman Jistis la mennen anket li yo ak endepandans. Li kwe nan yon eta de dwa. E nou se yon peyi ki respekte eta de dwa a. Donk anko, se Depatman Jistis ou dwe poze kestyon sou fouy FBI la. "

Pandansetan, kek Repibliken nan Kongre a anonse yo pral mennen anket sou fouy FBI la. Depite Repibliken Mike Turner ki reprezante Ohio se manm komite ranseyman La chanm.

"Mwen voye yon let bay Direkte Wray pou mande'l di Kongre a ki menas ki te poze pou sekirite nasyonal la, sou ki baz li te pase lod pou fe fouy la. Paske fok gen yon menas pou sekirite nasyonal la pou FBI al fouye kay yon ansyen prezidan. "

Turner di jounalis yo tou: " Dezyèman, prezidan Etazini gen kapasite pou'l rann dokiman sekrè ou piblik. Donk tou senpleman paske li gen etikèt sekrè sou li pavledi tout sak ladann sekrè. Se pa Achiv Nasyonal ki deside sa. Donk mwen ri lè mwen tande nouvèl ki di prezidan an gen enfomasyon sekrè lakay li. E mwen kwè pèp Ameriken an gen anpil kè sote pou sakap pase nan Depatman jistis la ak sakap pase nan FBI."

Antre kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, Lendi 8 Out, 2022, nan Palm Beach, Florid.
Antre kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, Lendi 8 Out, 2022, nan Palm Beach, Florid.

Fouy rezidans Trump la nan Palm Beach, Florid Lendi fèt nan kad yon ankèt la jistis ap mennen sou kestyon pou konnen si Trump te pote dosye sekrè soti nan Lamezonblanch pou sere yo lakay li nan Florid. Se sa moun ki familye ak kestyon an di Associated Press.

Depatman Jistis la ap mennen anket pou determine si Trump te maltrete dosye sekre sa yo, apre Achiv Nasyonal te di li te resevwa pi bone ane sa a 15 bwèt ke Mar-a-Lago (rezidans Trump la) te voye ba yo ki gen dosye Lamezonblanch ladan yo, e ke pami dokiman li resevwa yo te gen enfomasyon sekrè.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG