Accessibility links

Breaking News

Depatman Jistis Etazini Pibliye Affidavit ki Jistifye Fouy Lakay Trump


Paj affidavit FBI te prezante kom jistifikasyon pou manda pou fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago nan eta Florid, 26 Out, 2022.
Paj affidavit FBI te prezante kom jistifikasyon pou manda pou fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago nan eta Florid, 26 Out, 2022.

14 sou 15 bwèt ajan FBI rekipere lakay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid pi bonè ane sa a te gen ladan yo dokiman ki gen etikèt sekrè ak top sekrè.

Se sa ki nan affidavit FBI la pibliye Vandredi pou esplike jistifikasyon pou manda pou fouye kay Trump la pi bonè mwa sa a.

Affidavit la ki gen 32 paj, menm ak tout sa yo kache, bay piblik la deskripsyon pi detaye jiskaprezan sou dosye gouvènman an ke Trump te gen sere lakay li nan Mar-a-Lago apre li te kite Lamezonblanch.

Dokiman an revele tou kè sote gouvènman an te genyen dèske dokiman yo lakay misye ilegalman.

Affidavit la pa bay detay sou dosye sekrè yo te pran 8 Out, sepandan li detaye kè sote ki te vinn soulve pa rapo ak 15 bwèt ke Achiv Nasyonal ak Administrasyon Dosye te rekipere kay Trump nan mwad Janvye a.

Nan bwèt sa yo, dapre affidavit la, responsab yo te jwenn 184 dokiman ki gen etikèt sekrè - pami yo 25 dokiman ki te make "top sekrè". Ajan ki te enspekte bwèt yo jwenn enfomasyon "konfidansyèl" ke sous imen te bay, epitou enfomasyon ki gen pou wè ak Lwa sou Siveyans Etranje peyi Etazini.

An gwo, affidavit la revele lot detay sou yon ankèt kriminèl kap rapousuiv e ki poze nouvo danje legal pou Trump nan moman kote lap mennen jefo pou'l poze kandidati li a la prezidans anko.

Li bay detay presi tou, sou volim dokiman "sansib" ki te sere nan Mar-a-Lago, olye Trump te remèt yo bay Achiv Nasyonal.

FBI te remèt yon affidavit - ke yo siyen sou sèman pou mande yon jij pèmisyon pou yon manda pou fouye pwopriyete Trump la. Dabitid, affidavit konn gen enfomasyon esansyèl sou yon ankèt, kote ajan yo bay detay presi sou jistifikasyon pou fouye yon pwopriyete ak poukisa yo kwè yo pral jwèn prèv yon krim te komèt nan lye sa a.

Depatman Jistis la pibliye yon dokiman separe kote li te esplike poukisa li te nesesè pou kache kèk enfomasyon pou "pwoteje sekirite ak vi prive plizyè sivil ki te sèvi kom temwen, ansanm ak ajan la jistis epi pou pwoteje entegrite envestigasyon an.

D'abitid affidavit yo rete sele pandan ankèt, kivledi desizyon Jij Bruce Reinhart te pran pou'l revele kèk pati ladann yon bagay moun pa wè souvan.

Jij la te di rezon li pran desizyon sa a se akoz gwo enterè piblik ki genyen nan ankèt la.

Lè jounalis yo mande Prezidan Biden Vandredi si li kwè sekirite nasyonal Etazini te menase akoz dokiman Trump te genyen lakay li, li te reponn:

"Nou pral kite Depatman Jistis la fè determinasyon sa a."

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press ak Reuters

XS
SM
MD
LG