Accessibility links

Breaking News

Depite Ameriken Scott Perry, yon Alye Trump Asiyen Depatman Jistis la


Depite Repibliken Scott Perry ki reprezante Pensilvani nan Kongre a ak jounalis nan Washington, 12 Out 2022.
Depite Repibliken Scott Perry ki reprezante Pensilvani nan Kongre a ak jounalis nan Washington, 12 Out 2022.

Depite Repibliken Scott Perry ki reprezante eta Pensilvani nan La Chanm e ki se yon alye ex-prezidan Donald Trump, asiyen Depatman Jistis la pou anpeche anketè yo fouye kontni telefon entelijan li ke yo te sezi pi bonè mwa sa a.

Perry, ki te ede pwopaje manti Trump te bay pou di yo te volè eleksyon 2020 an nan men'l e ke yon pakèt koken te fèt, te an vakans ak fanmi li 9 Out pase a, lè 3 ajan FBI te pwoche li ak yon manda epi sezi telefonn ni.

Depatman Jistis la pa esplike poukisa li sezi telefon nan, men sanble sa gen pou wè ak ankèt yap mennen sou revolt 6 Janvye 2021 an kont Capitol la.

Se patizan Trump yo ki te lanse atak sila nan yon tantativ pou eseye ranvèse rezilta eleksyon prezidansyèl ane 2020 an kote Prezidan Joe Biden te ranpote la viktwa sou Donald Trump.

XS
SM
MD
LG