Accessibility links

Breaking News

Biden Bay Kandida Demokrat yo Yon Bourad, Kritike Repibliken Trump yo


Prezidan Joe Biden pran la pawol ak kandida demokrat pou gouvene Wes Moore nan lise Richard Montgomery Jedi, 25 Out nan Rockville, Maryland.
Prezidan Joe Biden pran la pawol ak kandida demokrat pou gouvene Wes Moore nan lise Richard Montgomery Jedi, 25 Out nan Rockville, Maryland.

Prezidan Joe Biden lanse apèl bay Demokrat yo Jedi pou yo "vote literalman pou sove demokrasi yon lòt fwa ankò" - e li konpare ideyoloji Repibliken yo ak "semi-fachism". Biden fè deklarasyon sa yo pandan yon miting politik pou kotize lajan pou kandida Demokrat yo nan eta Maryland, 75 jou anvan eleksyon mi-manda yo.

Biden di yon foul plizyè milye moun ki te rasanble nan lise Montgomery nan vil Rockville "dwa w pou chwazi an je ane sa a. Sekirite Sosyal ou peye pou li a depi ou komanse travay an je. Sekirite timoun ou yo kont zak vyolans ak zam an je - e san blag - sivi planèt tè a an je ane sa a tou."

Prezidan an ajoute "fòk ou chwazi. Eske nap yon peyi ki fè mach ann avan oubyen yon peyi ki fè bak?"

Miting politik la ki dewoule nan yon banlye Washington kote ki gen anpil patizan Demokrat, anvizaje soulaje Biden nan moman kote konseye Lamezonblanch yo di li pral fè fas ak anpil agresyon bò kote advèsè li yo. Yo di sete yon opòtinite pou'l chante lwanj viktwa politik li yo epi bay kandida Demokrat yo yon bourad.

XS
SM
MD
LG