Accessibility links

Breaking News

Ankèt sou Dokiman Lakay Trump yo Santre sou 'Obstriksyon'


Imaj sa a ki nan yon dosye legal Depatman Jistis Etazini depoze nan tribinal 30 Out, 2022 montre kek pami dokiman FBI sezi lakay ansyen Prezidan Donald Trump, Mar-a-Lago, nan eta Florid, pandan yon fouy, 8 Out pase a.
Imaj sa a ki nan yon dosye legal Depatman Jistis Etazini depoze nan tribinal 30 Out, 2022 montre kek pami dokiman FBI sezi lakay ansyen Prezidan Donald Trump, Mar-a-Lago, nan eta Florid, pandan yon fouy, 8 Out pase a.

Ankèt Depatman Jistis Etazini ap mennen sou dokiman sekrè FBI te sezi lakay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid santre prensipalman sou "obstriksyon la jistis".

Depatman an di li kwè dokiman sekrè te "kache e yo te wetire yo" nan Mar-a-Lago nan kad yon jefò pou bloke ankèt federal la.

Yon dosye depatman an depoze nan tribinal Madi swa, endike FBI te sezi 33 bwèt ki gen ladan yo plis pase 100 dosye sekrè pandan fouy li te fè 8 Out la e ajan yo te jwenn dokiman sekrè sere nan biwo Trump.

Eric Tucker, se jounalis Associated Press ki fe repotaj sou FBI ak Depatman Jistis la ak kestyon sekirite nasyonal.

"Depatman Jistis la te we ak je'l endividi ki tap deplase bwat ki te nan yon pyès stokaj epi kache dokiman. Se yon bagay enpotan pa rapo ak kwonoloji a paske nan mwad Jyen, Depatman Jistis ak FBI te vizite kay la e yo te rasire yo ke tout dokiman sekrè yo te sitye nan yon pyès stokaj an patikilye. Apre sa, FBI ak Depatman Jistis di yo te obsève moun ap deplase dokiman sa yo. E sa bay FBI ak Depatman Jistis la kè sote paske tout deklarasyon moun fè devan yo dwe vre e korèk." Dosye legal la bay plis detay sou kwonoloji evenman yo nan enteraksyon ant responsab Depatman Jistis yo ak reprezantan Trump yo kote yo tap chache rekipere dokiman sekrè gouvènman Ameriken an. "

Dosye a montre kijan anketè yo konasntre sou non sèlman poukisa dokiman sekrè yo pat sere komsadwa, men tou kestyon pou konnen si ekip Trump la te fè ekspre ba yo manti pandan yon bon bout tan sou prezans ilegal dokiman top sekrè misye te genyen lakay li.

Etazini di Revizyon Dokiman Potansyèlman Privileje Trump yo Deja Fini
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:25 0:00

Nan nouvo dosye a Depatman Jistis la bay detay klè sou fouy ekstraòdinè ki te fèt nan Mar-a-Lago, sèlman apre lot jefò pou rekipere dokiman sa yo te echwe. Depatman an di sa te lakoz otorite lajistis yo te vinn sispèk gen lòt dokiman ki te toujou lakay Trump malgre reprezantan misye te di'l ke yo te "chache ak dilijans" men ke yo pat jwenn oken lòt dokiman.

Jounalis Eric Tucker di: " Dokiman an pa idantifye moun ki te kache ak deplase bwèt yo e li pa sigjere ke Donald Trump pèsonèlman te komèt obstriksyon. Men li fè remake yo te jwen dokiman sekrè nan tirwa biwo li. E li klè ekip Trump la - kèlkeswa kiyès sa ye - te di Depatman jistis la bagay ki pa vre, se manti."

Dosye a te enkli yon foto kek pami dokiman yo te sezi yo ki gen fèy papye kolore sou yo ki endike stati yo kòm dokiman sekrè. Petèt piblikasyon sa a sete yon fason depatman an fè pou'l demanti sigjestyon kòm kwa moun ki te lage dokiman sa yo nan bwèt pou voye yo Mar-a-Lago tat reyalize sete dokiman sekrè.

Nan foto Depatman Jistis la pibliye a nou ka wè paj dokiman yo ki make "Top Sekrè / SCI" ak lèt jon vif. Gen yon lòt ki make "Sekrè / SCI" ak yon koulè wouj grena sou rebò li. Sou kote dokiman sa yo gen paj ki kouri ak blan pou kache pati sekrè a e ki chita sou yon tapi nan Mar a Lago. Epi genyen yon bwat katon ki chaje ak foto ankadre ak lò epi kouvèti magazin Time.

Malgre dosye a gen nouvo detay enpòtan sou ankèt la, li pa rezoud yon kestyon kle ki fasine piblik la pa rapò ak ankèt Depatman Jistis la - ki se poukisa Trump te kenbe dokiman sa yo apre li te kite Lamezonblanch epi poukisa limenm ak ekip li te reziste plizyè fwa jefò pou remèt yo bay lajistis. An fèt li sigjere otorite yo pa resevwa yon repons.

XS
SM
MD
LG