Accessibility links

Breaking News

Etazini: Revizyon Dokiman Potansyèlman Privileje Trump yo Deja Fini


Kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, Mekredi 10 Out, 2022.
Kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, Mekredi 10 Out, 2022.

Yon nouvo dokiman legal endike Depatman Jistis Etazini deja fin revize dokiman ki potansyèlman privileje ke yo te sezi lakay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid pi bonè mwa sa a.

Dokiman depatman an depoze nan tribinal Lendi di depatman jistis la idantifye "yon seri materyo limite ki taka potansyèlman gen ladan yo enfòmasyon privileje ke yon kliyan pataje ak avoka li."

Dokiman depatman jistis rive apre yon jij te pase lòd pandan wikèn nan pou di li gen entansyon akòde deman ekip avoka Trump yo fè pou nomen yon jeran espesyal pou revize dokiman yo te sezi lakay ansyen prezidan an. Li mande tou pou mete sou kote nempòt ki dokiman ki taka tonbe anba kad "privilèj legal".

Yon odisyon fikse pou Jedi nan tribinal federal eta Florid.

Depatman Jistis la di nan dokiman li remèt bay tribinal la ke li pral bay plis enfòmasyon pi ta semèn sa a.

XS
SM
MD
LG