Accessibility links

Breaking News

FBI: Trump Melanje Dokiman Sekrè ak Magazin


Paj affidavit FBI te prezante kom jistifikasyon pou manda pou fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago nan eta Florid, 26 Out, 2022.
Paj affidavit FBI te prezante kom jistifikasyon pou manda pou fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago nan eta Florid, 26 Out, 2022.

Dapre FBI, 14 sou 15 bwèt yo rekipere lakay ansyen Prezidan Donald Trump pi bonè ane sa a te gen dokiman sekrè, anpil nan yo - top sekrè - melanje ak divès jounal, magazin ak korespondans pèsonèl.

Se enfomasyon sa a ki nan affidavit FBI pibliye Vandredi pou esplike jistifikasyon pou fouy ki te fèt kay Trump nan eta Florid nan komansman mwa a.

Affidavit la menm ak tout enfomasyon yo kache, ofri deskripsyon pi detaye ki egziste pou kounyea sou dosye gouvènman an Trump te genyen lakay li nan Mar-a-Lago, byen lontan apre li te kite Lamezonblanch.

Li revele tou, gravite kè sote gouvènman an te genyen dèske dokiman sa yo te lakay misye ilegalman.

XS
SM
MD
LG