Accessibility links

Breaking News

Dapre La Lwa Dokiman Dosye Prezidansyèl se Pwopriyete Gouvènman an e yo Dwe ale nan Achiv Nasyonal


Trump FBI
Trump FBI

FBI ki sezi dokiman sekrè pandan li t ap fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump nan Florid, sa relanse yon deba sou kesyon pou konnen si yon ansyen prezidan ka reklame privilèj ekzekitif, oubyen si li gen dwa anpeche gouvènman an jwenn dokiman sekrè yo.

Dapre Lwa sou Dosye Prezidansyèl (Presidential Records Act), dosye prezidansyèl se pwopriyete gouvènman an e yo dwe ale nan Achiv Nasyonal ak Administrasyon Dosye lè prezidan an fini manda li.

FBI ap mennen ankèt pou konnen kouman dè santèn paj dokiman, kèk nan yo klase top sekrè, fè al abouti nan Mar-a-Lago apre Trump te kite Mezon Blanch an Janvye 2021.

An 1977, Kou Siprèm nan te rekonèt ke yon ansyen prezidan gen dwa reklame privilèj sou sèten kominikasyon prive, e yon lane apre, Presidential Records Act te konfime dwa sa a.

Men reklamasyon Trump pou privilèj ekzekitif nan ka sa a, se bagay peyi a pa konn tande. Sa pa te janm fèt pou yon ansyen prezidan anpeche yon prezidan aktyèl jwenn dokiman prezidansyèl li nan Achiv Nasyonal, dapre kèk ekspè legal.

XS
SM
MD
LG