Accessibility links

Breaking News

Pami Dokiman Sekrè FBI Te Sezi Kay Trump yo, Kèk Gen Rapò ak Plan Defans Militè Lòt Peyi


TRUMP-DOCUMENTOS
TRUMP-DOCUMENTOS

Journal Washington Post rapòte Madi ke pami dokiman ke ajan FBI te jwenn nan kay ansyen prezidan Etazini Donald Trump nan Florid mwa pase a, te gen youn ki dekri defans militè yon lòt peyi, antwòt kapasite nikleyè li.

Jounal la di nouvèl la baze sou enfòmasyon ki soti nan men moun ki abitye ak sijè a, men li pa site non gouvènman etranje ki nan dokiman an.

Rapò a di tou kèk nan dokiman ke FBI te sezi yo 8 Daout pase a nan fouy lakay Trump nan Mar-a-Lago a dekri operasyon Etazini ki tèlman sekrè ke anpil nan gwo otorite sekirite nasyonal yo pa te konn tande pale de yo.

Depatman Jistis ap ankete sou efò Trump pou kenbe lakay li enfòmasyon sou defans nasyonal, pou bloke travay envestigasyon li.

Nan fouy mwa Daout-la, FBI te sezi apeprè 11-mil dokiman, pami yo 100 ki make sekrè.

XS
SM
MD
LG