Accessibility links

Breaking News

Chèf Kanpay Repibliken Sena a Demanti li nan Chire Pit ak McConnell


Senate Ameriken e lide minorite Sena a Repibliken Mitch McConnell ki reprezante eta Kentucky, 6 Sept. 2022 nan Washington.
Senate Ameriken e lide minorite Sena a Repibliken Mitch McConnell ki reprezante eta Kentucky, 6 Sept. 2022 nan Washington.

Chèf kanpay Repibliken Sena Etazini an demanti Madi ke li dozado ak lidè Repibliken nan Sena a, Mitch McConnell sou kalite kandida pati a deside apiye nan eta ki taka detèmine si Repibliken yo reprann kontwol Sena a nan eleksyon mi-manda 8 Novanm yo.

Senatè Rick Scott, ki dirije komite kanpay Repibliken Sena a, te soulve kè sote pati a akoz domaj yon chire pit ak McConnell taka koze.

Semèn pase a misye te tonbe joure moun nan pati a ke li dekri tankou moun kap "pale pawol fatra" kont kandida Repibliken yo.

XS
SM
MD
LG