Ayisyen te pami elekte ki tap vote nan eleksyon Pembroke Pines, Miami semen sa a.
Dè santèn sipòtè Pati Demokrat Popilè a (PDP) ki nan opozisyon nan Nijerya chante ayè lendi a pandan yo t ap mache sou katye jeneral nasyonal Komisyon Nasyonal Elektoral Endepandan an (INEC), pou pwoteste kont rezilta ofisyèl dènye eleksyon prezidansyèl la.
Kandida opozisyon yo pou prezidan nan peyi Nijerya fè konnen yo pwal defye rezilta ki deklare lidè pati ki sou pouvwa a venkè nan eleksyon an. Eleksyon samdi a te gen pwoblèm teknik ak mank moun pou travay ladann, sa ki te lakoz eleksyon an te gen reta omwen yon jou nan kèk biwo vòt.
Se kandida pati ki sou pouvwa nan peyi Nijerya a, Bola Tinubu, ki jwenn plis vwa nan eleksyon prezidansyèl la, e dapre rezilta ofisyèl yo li se nouvo prezidan eli Nijerya.
Rezilta pwovizwa ki soti nan eleksyon prezidansyèl la ki an diskisyon nan Nijerya moutre Bola Tinubu nan pati o pouvwa a k ap pwoche sou yon viktwa, dapre sa ajans nouvèl Reuters ki t ap fè kontaj pa li nan 33 sou 36 eta yo ak nan kapital federal la Abuja, moutre madi.
Komisyon electoral peyi Nijerya a koumanse anonse rezilta pou chak eta nan eleksyon nasyonal ki dewoule ayè dimanch la, pandan gen konplent sou iregilarite, malgre sa ka pran plizyè jou anvan li bay non yon venkè nan kous pou ranplase prezidan Muhammadu Buhari.
Divès pati politik tankou Unir Solid ak OPL exprime dout yo genyen sou oganizasyon eleksyon an 2023 aprè miz an plas Wo Konsèy Tranzisyon an.
ATLANTA (AP) — Responsab eleksyon eta Jòji yo mande lejislatè yo pou yo mete fen nan 2e tou eleksyon jeneral yo, men li pa ofri okenn pwopozisyon espesifik.
Demokrat yo ap selebre apre viktwa yo ranpòte nan 2èm tout eleksyon senatoryal nan eta Jòji, kote Senate Demokrat Raphael Warnock re eli. Jean Robert Philippe di nou kisa savledi pou Kongre Etazini.
Load more