Accessibility links

Breaking News

Dosye Trump: Depatman Jistis Ale Ann Apèl Kont Desizyon Jij la


Kay ansyen Prezidan Donald Trump nan Palm Beach, Florid, Mar-a-Lago, 10 Out 2022.
Kay ansyen Prezidan Donald Trump nan Palm Beach, Florid, Mar-a-Lago, 10 Out 2022.

Depatman Jistis la ale ann apèl ak desizyon yon jij te pran pou nomen yon abit endepandan pou revize dokiman FBI te sezi lakay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid.

Depatman an mande jij Aileen Cannon kanpe desizyon li pran pou entèdi l sèvi ak dokiman li sezi yo pou mennen ankèt pandan lap tann desizyon kou d'apèl la.

Lòd Cannon pase Lendi gen kòm konsekans ralanti ankèt lajistis ap mennen sou prezans dokiman klasifye nan Mar-a-Lago.

Responsab lajistis yo di nan dokiman yo depoze devan tribinal la Jedi ke yo pral soufri "dega ki paka janm repare" si direktiv Cannon nan rete an plas.

XS
SM
MD
LG