Accessibility links

Breaking News

Yon Jij nan Florid ap fè Fas ak Kritik Apre Lòd Li Te Pase sou Dosye Trump la


Yon paj nan lod yon jij pase pou akode demann ansyen prezidan Donald Trump fe pou nomen yon met espesyal pou revize dokiman FBI te sezi lakay li nan eta Florid, 5 Sept. 2022.
Yon paj nan lod yon jij pase pou akode demann ansyen prezidan Donald Trump fe pou nomen yon met espesyal pou revize dokiman FBI te sezi lakay li nan eta Florid, 5 Sept. 2022.

Yon jij federal moun pa tèlman konnen ke Donald Trump te nomen sa gen 2 zan desa, soulve atansyon yon pakèt moun semèn sa a akoz desizyon li pran pou'l bay ansyen prezidan an yon gwo viktwa nan tribinal.

Lendi, jij Aileen Cannon te akòde demann ekip legal Trump la te fè pou yon mèt endepandan revize dokiman FBI te sezi pandan li tap fouye pwopriyete misye nan eta Florid.

Cannon te yon pwokirè federal anvan sa. Li pran nesans nan peyi Kolonbi e li te vin viv Etazini lè li te timoun. Li gradye nan inivèsite Duke epi Ekol de Dwa Inivèsite Michigan nan.

Li se tou yon manm Sosyete Federalis la ki te reponn "non" lè senatè yo te mande'l si'l te diskite "lwayote li vizavi Prezidan Trump."

XS
SM
MD
LG