Accessibility links

Breaking News

Biden Kritike 'Ekstremis' Repibliken yo Pandan Vizit li a l'Okazyon Fèt Travay


Prezidan Joe Biden pran la pawol nan Henry Maier Festival Park nan Milwaukee, Wisconsin, Lendi 5 Sept. 2022.
Prezidan Joe Biden pran la pawol nan Henry Maier Festival Park nan Milwaukee, Wisconsin, Lendi 5 Sept. 2022.

Prezidan Joe Biden atake "Repibliken MAGA" yo kom ekstremis de dwat nan diskou li pwononse devan manm sendika yo pou Fèt Travay la.

Prezidan an te pran la pawol nan rankont nan vil Milwaukee epi andeyo Pittsburgh.

D'Abitid Fèt Travay la lanse yon peryod entans kanpay politik ki dire jiska eleksyon an, ki vikse pou 8 Novanm.

Nan Milwaukee, Biden di li pap kritike tout Repibliken, men li vize pito sa yo ki pwofite kanpay "Rann Etazini Pi Gran" Trump la pou komèt zak vyolans.

Biden rann omaj tou a manm sendika yo ke li dekri tankou "klas mwayèn ki bati peyi Etazini". Li ajoute ke se sendika yo ki konstwi klas mwayèn nan.

XS
SM
MD
LG