Accessibility links

Breaking News

Biden ap Rann Omaj a Travayè Ameriken yo pou Fèt Travay


Prezidan Etazini Joe Biden salye yon patizan pandan yon miting politik pou Fet Travay nan vil Milwaukee, eta Wisconsin, 5 Sept. 2022.
Prezidan Etazini Joe Biden salye yon patizan pandan yon miting politik pou Fet Travay nan vil Milwaukee, eta Wisconsin, 5 Sept. 2022.

Prezidan Joe Biden tanmen Fet Travay la Ozetazini ak yon vizit nan eta Wisconsin, anvan li pran direksyon Pènsilvani - kote li fe 2 vizit semèn pase a.

Lamezoblanch di Biden ap selebre "diyite travayè Ameriken yo.

Fèt travay se komansman sezon otonn nan ki pa ofisyel, men tou li lanse yon peryòd kote ki gen anpil aktivite politik. Kandida yo konn kouri prese oganize miting pou pran tet elektè yo pou vote pou yo 8 Novanm kap vini an.

Vwayaj Biden ap fè Lendi nan 2 eta sa yo se pral yon opotinite pou'l mete aksan sou yon tèm ki te poto mitan kanpay li an 2020. Tèm sa se ke sendika travay yo fòme yon klas mwayen ki te bati epi ranfòse sosyete moden Amerikèn nan.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG