Accessibility links

Breaking News

Biden: Trump, Alye MAGA li yo Menase Demokrasi


Prezidan Joe Biden pran la pawol devan Sal Endepandans la, Jedi 1 Sept. 2022 nan vil Filadelfi.
Prezidan Joe Biden pran la pawol devan Sal Endepandans la, Jedi 1 Sept. 2022 nan vil Filadelfi.

Prezidan Etazini Joe Biden lanse avètisman Jedi swa pou di "egalite ak demokrasi ap sibi atak". Biden sonnen yon alarm pa rapo ak predesesè li, Donald Trump ak patizan "MAGA Repibliken yo" ke li dekri tankou ekstremis ki poze yon menas pou avni peyi a.

"Donald Trump ak Repibliken MAGA yo reprezante yon ekstremis ki menase fonasyon repiblik nou an. Map di klèman. Se pa tout Repibliken, pa menm majorite Repibliken ki se Repibliken MAGA. Se pa tout Repibliken ki dako ak ideyoloji ekstremis yo a."

Prezidan an dekri eleksyon mwad Novanm yo tankou yon batay pou nam peyi Etazini, ak travay prezidans li. Biden sèvi ak diskou li a ke li pwononse nan lè plis Ameriken ap gade televizyon, depi Sal Endepandans vil Filadèlfi, ke Trump ak alye Rann Etazini Pi Gran yo defye sistèm gouvènman Etazini, pozisyon ni nan kominote entènasyonal la epi stil lavi sitwayen li yo.

"Fos MAGA yo detèrmine pou fè peyi a fè bak. Mach ann aryè nan direksyon yon Etazini kote moun pa gen chwa. Yo pa gen vi prive. Yo pa gen kontrasepsyon. Yo pa gen dwa renmen moun yo vle. Yo chante lwanj lidè otoritè, yo ankouraje zak vyolans politik ki menase dwa sitwayen, pouswit jistis, eta de dwa ak nam peyi sa a."

Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden rive nan Independence Hall pou pwononse yon diskou, Jedi 1 Septanm, 2022 nan vil Filadelfi.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden rive nan Independence Hall pou pwononse yon diskou, Jedi 1 Septanm, 2022 nan vil Filadelfi.

Jefo Biden fè pou'l diminye enfliyans Trump ak patizan li yo make yon nouvo taktik pou prezidan an ki konn preche dezir li pou'l inifye peyi a, jan li te di'l nan diskou envestiti li a. Responsab Lamezonblanch yo di sa reflete kè sote li genyen pou plan ideyolojik alye Trump yo pwopoze epi le fèt ke yo kontinye refize aksepte rezilta eleksyon 2020 an.

"Poto mitan peyi nou se demokrasi, men istwa montre nou ke lè you swiv yon lidè epi gen volonte pou'n komèt zak vyolans politik se yon bagay ki fatal pou demokrasi. Pandan lontan nou te di demokrasi Amerikèn nan se yon garanti. Se pa vre. Fok nou defann ni. Pwoteje'l. Chak sitwayen. Se poutèt sa aswè a map mande peyi a kole tèt absanm, inifye dèyè koz ki se defann demokrasi nou, kèlkeswa ideyoloji w. "

Biden ki te konn evite refere a "ansyen chèf deta a" pa non, men li leve vwa li plis sè jou si kont Trump pèsonèlman. Ak elan li pran gras ak viktwa Demokrat yo ranpote nan eleksyon primè yo, epi retou Trump nan gran tit nouvèl yo, Biden ap lanse atak pi pwenti.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press.

XS
SM
MD
LG