Accessibility links

Breaking News

Komite Aksyon Politik Trump la ap Fè Fas ak Ankèt Depatman Jistis Etazini


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump pwononse yon diskou nan Enstiti Politik America First la nan Washington, 26 Jiye, 2022.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump pwononse yon diskou nan Enstiti Politik America First la nan Washington, 26 Jiye, 2022.

Ansyen Prezidan Donald Trump chita sou plis pase $115 milyon ke plizyè komite politik resevwa kòm kotizasyon.

Trump pozisyone kò li kòm fòs inik e prèske envensib nan Pati Repibliken an. Si li ta lanse yon lòt kanpay prezidansyèl li tap vannen konpetitè li yo ak pakèt resous sa yo.

Sepandan gwo pil lajan sa a kòmanse prezante kòm vulnerabilite tou kounyea.

Prensipal òganizasyon Trump sèvi pou kotize lajan, Save America PAC, ap fè fas ak yon ankèt Depatman Jistis la, ki mande plizyè moun vinn temwaye devan yon gran juri. Depatman Jistis la gen kestyon pa rapò ak kijan komite aksyon politik sa a, PAC, kotize lajan.

XS
SM
MD
LG