Accessibility links

Breaking News

Trump: 'Tout Moun Vle m Poze Kandidati Pou Eleksyon 2024 la'


FILE - Former President Donald Trump speaks during a campaign rally in support of Doug Mastriano for Governor of Pennsylvania and Mehmet Oz for US Senate at Mohegan Sun Arena in Wilkes-Barre, Pennsylvania, Sept. 5, 2022.
FILE - Former President Donald Trump speaks during a campaign rally in support of Doug Mastriano for Governor of Pennsylvania and Mehmet Oz for US Senate at Mohegan Sun Arena in Wilkes-Barre, Pennsylvania, Sept. 5, 2022.

Ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump yon lòt fwa ankò fè alizyon ke li ta ka poze kandida pou la Mezon Blanch an 2024, e li asire ke li "ta fè anpil moun kontan" si li ta poze kandidati li.

Nan yon entèvyou ak yon chèn televizyon Endyen ansyen chef d eta te deklare "Tout moun vle m 'poze kandidati m. Map byen mennen dapre sondaj yo".

"Nan tout sondaj opinyon yo ki fet pami elekte Repibliken yo ak nan sondaj Demokrat yo," mwen ap mennen.

"Mwen pral pran yon desizyon nan yon ti tan ki pa two lwen, mwen kwe. E mwen panse ke anpil moun ap gen anpil lajwa nan kè yo".

Bilyonè a ki gen 76-zan, eksprime ankò pandan entèvyou a ke te gen fwòd nan eleksyon 2020 an ke li te pèdi devan Prezidan Demokrat Joe Biden.

Li kontinye pou l di "Gen gwo prèv, gen gwo prèv".

FBI te fouye kay Trump nan Mar-a-Lago, Florid, anba sispisyon kom kwa li te pote lakay li dokiman konfidansyèl ke li te konn itilize nan kad travay li nan Mezon Blanch lan (2017-2021).

Samdi, pandan yon miting politik nan Pennsilvani, Donald Trump te denonse "fouy ke FBI te fè lakay li".

Li sible tou nan yon envestigasyon sou efò yo sipèk li te fè pou li te eseye ranvèse rezilta eleksyon prezidansyèl 2020 la ak wòl li nan atak vyolan ke yo akize patizan li te fè nan Kapitòl la nan dat 6 janvye 2021.

Jiska prezan lajistis pa gen okenn akizasyon kriminel kont Trump.

XS
SM
MD
LG