Accessibility links

Breaking News

Harris pral Dirije Delegasyon Ameriken ki pral Japon pou Asiste Fineray Abe


Foto Achiv: Vis Prezidant Etazini Kamala Harris.
Foto Achiv: Vis Prezidant Etazini Kamala Harris.

Lamezonblanch fè konnen Vis Prezidant Kamala Harris pral dirije delegasyon Ameriken ki pral asiste fineray nasyonal ansyen Premye Minis Japonè a Shinzo Abe pi ta mwa sa a.

Harris va vizite Kore di Sid tou. Se pral premye vizit ofisyel Harris va fè nan 2 peyi sa yo depi li te monte sou pouvwa a ane pase a.

Harris gen pou'l rankontre wo responsab gouvenman, lidè sosyete sivil, e Lamezonbanch di li va diskite sou kestyon ekonomik, komèsyal ak sekirite pandan vizit li.

Nap raple Abe te mouri pa bal nan mwad Jiyè a nan lari yon vil nan wès Japon, lè yon nèg te pase pa deye pandan li tap mennen kanpay, epi tire li.

Abe te gen 67 an, e li te lidè ki te pase plis tan sou pouvwa a o Japon anvan li te demisyonnen an 2020.

XS
SM
MD
LG