Accessibility links

Breaking News

Japonè yo di PM Shinzo Abe yon Dènye Orevwa


Japonè yo di ansyen Premye Minis Shinzo Abe yon dènye orevwa jodi madi a.

Anpil moun te kanpe nan liy devan tanp Zojoji nan Tokyo pou yo pote flè ak lòt bagay ki moutre respè pou Abe, ki tonbe anba bal asasen vandredi a nan vil Nara nan lwès Japon pandan li t ap fè yon diskou kanpay. Anpil moun te kriye lè yo te bese pou yo priye devan tanp la.

Se nan Tanp Zojoji a yo chante fineray prive pou Abe ki te gen 67 lane, e se sèlman zanmi pwòch li ak fanmi li ki t ap asiste l. Apre sa, yo te pran sèkèy li e fè l travèse Tokyo nan yon pwosesyon ki te abouti nan antrepriz finerè Kirigaya kote boule kadav li, e sou tout wout la te gen moun ki kanpe pou voye men e di l babay.

Moun ki touye li a, Tetsuya Yamagami ki gen 41 lane, lapolis te mete men sou li touswit apre li te fin tire ansyen premye-minis la.

Li se yon ansyen manm Fòs Defans Pèsonèl, ki te vle touye Abe paske li te kwè ke ansyen dirijan an te manm yon gwoup relijye ke li bay pote responsablite pou ekonomi manman li ki te tonbe an degraba.

XS
SM
MD
LG