Accessibility links

Breaking News
Azi

Ex-PM Japonè Abe Mouri Asasinen

Yon drapo Japone bo kote yon paket bouke fle moun depoze nan lye kote ansyen Premye Minis Shinzo Abe te mouri pa bal pandan li tap mennen kanpay pou eleksyon palmante yo, nan vil Nara, rejyon wes Japon, 8 Jiye 2022.

Shinzo Abe, premye minis japonè a ki gen anpil enfliyans politik, mouri apre yon nèg tire'l nan patrin pandan li tap bay yon diskou Vandredi, dapre responsab Japonè yo.

Pi bonè nan jounen an, Abe tap pran la pawol pandan yon kanpay politik nan vil Nara, ki sitye a lès Osaka, lè yon nèg pwoche'l ak yon fizi pa dèyè.

Apre 2 kout fizi, Abe te tonbe atè e li tap senyen. Videyo moun pibliye sou rezo sosyal yo montre moun nan zon nan kap kouri pou ede Abe, ki te kouche atè san li pat fè okenn mouvman.

Yo te mennen politisyen an ki gen 67 an lopital, kote laprès lokal rapote li te fè yon atak kadyak.

Televizyon Japonèz NHK di nèg ki tire Abe a, gen 41 an e li se moun vil Nara. Lapolis arete'l. Yo idantifye'l kom Tetsuya Yamagami, ki te sèvi nan Fos Oto-Defans Japonèz yo pandan 3 zan. Nèg lan di lapolis li pat satisfè ak Abe e ke li te vle touye'l, NHK rapote.

Sekouris transpote ansyen Premye Minis Japone Shinzo Abe sou yon sivye pou mennen li lopital nan Kashihara, Japon, 8 Jiye 2022.
Sekouris transpote ansyen Premye Minis Japone Shinzo Abe sou yon sivye pou mennen li lopital nan Kashihara, Japon, 8 Jiye 2022.

Yon videyo ki filme apre atak la montre yon zam ki sanble yon bwat epè ki chita nan mitan lari apre lapolis te arete nèg la. Rapo laprès di sanble nèg la fè zam nan limenm.

Abe tap pale nan yon evenman kanpay kote pat gen anpil moun anvan eleksyon palmantè peyi Japon ki pral dewoule Dimanch.

Skedil piblik Abe a te pibliye Mèkredi.

Premye minis Japonè a kondane atak la kom "sounwa e sovaj". Li di atak sa a fèt pandan eleksyon ki reprezante nanan demokrasi peyi Japon. Li pa fè komante sou enplikasyon politik asasina a. Otorite Japonè yo di eleksyon an pral kontinye.

Ansyen premye minis Shinzo Abe kouche ate apre yon moun tire'l pandan li tap mennen kanpay pou eleksyon palmante 10 Jiye a nan vil Nara, rejyon wes Japon, 8 Jiye 2022.
Ansyen premye minis Shinzo Abe kouche ate apre yon moun tire'l pandan li tap mennen kanpay pou eleksyon palmante 10 Jiye a nan vil Nara, rejyon wes Japon, 8 Jiye 2022.

Abe se premye minis japonè ki pase plis tan sou pouvwa a. Li bay demisyon ni nan mwad Out 2020 men li rete aktiv nan politik. Li te rete yon vwa enfliyansyèl nan pati Liberal Demokratik la ki o pouvwa.

Korespondan VOA nan vil Seoul, Kore di Sid, William Gallo ekri vesyon orijinal nouvel sa a

XS
SM
MD
LG