Accessibility links

Breaking News

Japon: Tantativ Asasina Sou Ansyen Premye Minis Shinzo Abe


Ansyen premye minis Shinzo Abe kouche ate apre yon moun tire'l pandan li tap mennen kanpay pou eleksyon palmante 10 Jiye a nan vil Nara, rejyon wes Japon, 8 Jiye 2022.
Ansyen premye minis Shinzo Abe kouche ate apre yon moun tire'l pandan li tap mennen kanpay pou eleksyon palmante 10 Jiye a nan vil Nara, rejyon wes Japon, 8 Jiye 2022.

Shinzo Abe, ansyen premye minis japonè a ki gen anpil enfliyans politik, tonbe epi pèdi konesans apre yon moun tire'l nan pwatrin pandan li tap bay yon diskou Vandredi anvan eleksyon palmantè Dimanch la.

Dapre laprès japonèz, Abe tap pale nan yon stasyon tren nan vil Nara, a lès Osaka lè yon nèg ak zam te pwoche bo kote'l pa dèyè ak sa ki te sanble yon fizi.

Apre 2 kout zam, Abe te tonbe atè, li te pèdi konesans e li tap senyen. Yo mennen li lopital, kote laprès lokal di li fè yon atak kadyak.

Videyo kap sikile sou rezo sosyal yo montre moun kap kouri pou ede Abe, ki te kouche atè tou long, endispoze.

Chèn televizyon japonèz NHK fè konnen yo arete sispèk la.

Nouvèl sa a boulèse Japon, yon peyi ki gen lwa pi sevè sou zam nan mond lan, e ki kote pa gen anpil zak vyolans ak zam ki fèt.

Abe se premye minis japonè ki pase plis tan sou pouvwa a. Li te demisyonen nan mwad Out 2020, men li te rete aktiv nan politik. Li rete kom youn nan politisyen ki gen plis enfliyans nan pati Liberal Demokratik la ki o pouvwa.

Priz vi jeneral zon kote yo tire Premye Minis Japone Shinzo Abe pandan li tap mennen kanpay pou eleksyon 10 Jiye a nan vil Nara, rejyon wes Japon, 8 Jiye 2022.
Priz vi jeneral zon kote yo tire Premye Minis Japone Shinzo Abe pandan li tap mennen kanpay pou eleksyon 10 Jiye a nan vil Nara, rejyon wes Japon, 8 Jiye 2022.

Anbasade Etazini nan peyi Japon, Rahm Emanuel pibliye yon deklarasyon kote li di "Abe-san se yon lidè japonè ekstraodinè ak yon alye fidèl peyi Etazini. Gouvènman ak pèp Ameriken an ap lapriyè pou byenèt Abe-san, fanmi li ak pèp Japonè a."


Sekretè d'Eta Blinken, ki nan Bali, Endonezi pou asiste yon rankont ministeryèl G20 deklare "nap lapriyè pou Abe ak fanmi li ak pèp Japonè a. Se yon moman ki trè trè tris, e nap tann plis enfomasyon."

Korespondan VOA nan vil Seoul, Kore di Sid William Gallo ekri vesyon orijinal nouvel sa a. Korespondan VOA nan Depatman d'Eta Nike Ching kontribye a repotaj sa a depi Bali, Endonezi.

XS
SM
MD
LG