Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Florid Dozado ak Depatman Jistis sou Dosye Trump la


 Paj ki fe pati lod Jij Aileen Cannon pase kote li nomen Raymond Dearie kom met espesyal endepandan pou jere revizyon dokiman FBI te sezi lakay ansyen Prezidan Donald Trump, Mar-a-Lago, 15 Septanm, 2022.
Paj ki fe pati lod Jij Aileen Cannon pase kote li nomen Raymond Dearie kom met espesyal endepandan pou jere revizyon dokiman FBI te sezi lakay ansyen Prezidan Donald Trump, Mar-a-Lago, 15 Septanm, 2022.

Yon jij federal nomen 15 Septanm yon jij veteran eta Nouyok pou sevi kom mèt endepandan kap jere ankèt kriminèl sou prezans dosye sekrè lakay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta Florid.

Jij la derefize kite Depatman Jistis la rekomanse sèvi ak dokiman top sekrè FBI te sezi lakay Trump nan mwad Out la.

Jij Aileen Cannon bay nouvo met li nomen an, Raymond Dearie dwa pou'l revize tout dosye yo te pran lakay ex prezidan an 8 Out pase a, epi li fikse mwad Novanm kom dat limit pou'l finn travay.

Eric Tucker, se jounalis Associated Press kap travay sou dosye Trump la:

"Antanke mèt espesyal, Raymond Dearie ap responsab pou revize tout dokiman yo. Savledi plizye milye dokiman FBI te sezi nan Mar-a-Lago mwa pase a. Li pral separe yo ak rès dokiman yap egzamine pou fè ankèt la. Savledi nempot ki dokiman ki tonbe nan kad dosye privileje ki pataje ant kliyan ak avoka.

"Pandansetan, li kontinye bloke depatman jistis pou'l pa sèvi ak yon afè 100 dokiman ki te make sekrè ke li te sezi epi ke li ta renmen itilize pou ankèt la. "

Lod Cannon pase a, ki gen pawol piman bouk ladann, (Nap raple se Donald Trump ki te nomen jij sa a) pral setenman ralandi pwogrè ankèt la epi pare chemen an pou gouvènman an defye li devan yon kou d'apèl federal.

Tucker esplike: " Jij Aileen Cannon nan Florid fikse kom dat limit 30 Novanm pou'l fini revize dokiman yo. Yon bagay map siyale se ke li mande'l priyorize dokiman sekrè yo, ki se yon gwoup dokiman ki pi piti - swa 100 - petet konpativman ak ansanm dokiman yo sezi yo. Li mande jij la gade yo an premye. "

Depatman an te bay Cannon jiska Jedi pou'l kanpe sou lod sa a li te pase a pou anpeche anketè yo revize dosye sekrè yo pandan ke mèt espesyal la ap fini travay li.

Tucker di: " Jij Cannon derefize kanpe desizyon ni ki entèdi depatman an omwens pwovizwaman revize dokiman sekrè yo ann atandan mèt espesyal la ap fini travay li. Donk nou atann nou aske Depatman jistis la mande yon kou d'apèl federal anile desizyon sa a paske salvedi lap anpeche ankèt la pousuiv epi koze delè enprevi. Donk se sa nou kwè ki pral pase."

Depatman Jistis la di li pral mande Kou d Apèl Atlanta a, pou'l entèveni si Juj Cannon pa reponn demann li fè a, anvan dat limit li fikse.

XS
SM
MD
LG