Accessibility links

Breaking News

Yon Kou d Apèl di Depatman Jistis ka Rekoumanse Sèvi ak Dosye Sekrè li te Sezi Lakay Trump


Kay ansyen Prezidan Donald Trump nan Palm Beach Florid, Mar-a-Lago, 31 Out, 2022.
Kay ansyen Prezidan Donald Trump nan Palm Beach Florid, Mar-a-Lago, 31 Out, 2022.

Yon kou dapèl federal pèmèt, mèkredi, pou Depatman Jistis rekoumanse sèvi ak dosye sekrè ke li te sezi nan bitasyon ansyen prezidan an nan eta Florid nan kad ankèt kriminèl k-ap kontinye a.

Desizyon an ki soti nan Kou Dapèl Federal 11èm Sikwi a kote 3 jij t ap syeje, se yon kokenn viktwa pou Depatman Jistis, sa ki pare teren pou anketè yo kontinye ekzaminen dokiman yo an detay pandan y ap evalye si y ap mete akizasyon kriminèl sou kesyon ansyen prezidan Donald Trump ki mete nan depo nan Mar-a-Lago dosye top-sekrè apre ansyen prezidan an te kite Mezon Blanch.

Tribinal la moutre tou ke Trump pa prezante okenn prèv ke li te wete apeprè 100 dokiman sansib yo nan kategori sekrè.

XS
SM
MD
LG