Accessibility links

Breaking News

Trump Joure Jij ki Pase Lòd pou'l Reponn Kestyon Sou Sèman


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Minden, Nevada, 8 Oct. 2022.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Minden, Nevada, 8 Oct. 2022.

Ansyen Prezidan Donald Trump joure byen joure kont yon deklarasyon kote yon jij pase lòd ba li pou'l reponn kestyon sou sèman semèn pwochèn nan kad pwosè difamasyon yon ekriven ki di li te fè kadejak sou li nan mitan ane 90 yo.

Trump joure Jij Lewis A. Kaplan pou desizyon an e li dekri ekriven E. Jean Carroll tankou yon "magouyèz" ak yon "mantèz".

Ekriven an di Trump te vyole li nan sal yon magazen deliks nan Manhattan kote li tap eseye rad.

Reyaksyon Trump la tonbe apre Kaplan te rejte demann avoka li yo te fè pou ranvwaye temwayaj li, ki fikse pou 19 Oktòb.

XS
SM
MD
LG