Accessibility links

Breaking News

Depatman Jistis la ap Revize Dokiman ki Taka Sekrè yo Jwen nan Sant Biden nan


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden salye moun anvan li mone nan Air Force One, avyon prezidansyel la nan vil El Paso, Texas, 8 Janvye 2023.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden salye moun anvan li mone nan Air Force One, avyon prezidansyel la nan vil El Paso, Texas, 8 Janvye 2023.

Depatman Jistis la ap egzaminen yon seri dokiman ki taka sekrè ke yo jwen nan yon biwo ansyen enstiti Prezidan Joe Biden nan.

Konseye legal espesyal prezidan an, Richard Sauber di "yon ti gwoup dokiman ki te gen etikèt top sekrè sou yo" te nan biwo Sant Penn Biden nan. Se avoka prezidan an yo ki te jwenn yo pandan yo tap netwaye epi mete nan bwat bagay ki te nan biwo prezidan an te lwe apre li te vis prezidan an 2017, yon ti tan anvan li te lanse kanpay li pou prezidans Etazini an 2019.

Sauber di, yo jwen dokiman yo 2 Novanm, 2022 nan yon pandri ki te kadnase andedan biwo a.

XS
SM
MD
LG