Accessibility links

Breaking News

Depatman Jistis la Vle Kestyone yon Asosye Trump Ankò


Ansyen Prezidan Donald Trump pran la pawol pandan yon miting politik Samdi 22 Oktob nan Robstown, Texas.
Ansyen Prezidan Donald Trump pran la pawol pandan yon miting politik Samdi 22 Oktob nan Robstown, Texas.

Depatman Jistis Etazini vle kestyone yon asosye Donald Trump ke kamera sekirite te kapte ap deplase bwèt dokiman sekrè lakay ansyen prezidan an nan eta Florid.

Se yon moun ki familye ak ankèt la ki te dakò pale sou kondisyon yo pa site non li paske li pat gen pèmisyon pou'l pale sou yon ankèt kriminèl kap dewoule aktyèlman, ki bay Associated Press enfòmasyon sa a.

Wault Nauta, asosye Trump la, deja reponn kestyon anketè yo sou posibilite pou yo ta maltrete dokiman tòp sekrè gouvènman Ameriken an ki te nan Mar-a-Lago. Avoka akizasyon yo vle pale avè'l ankò pou eseye konprann kijan yo te vin deplase dokiman ki te nan yon depo sou pwopriyete a.

Jounal New York Times te premye pou rapòte lajistis ap chache entèvyouwe Nauta ankò.

XS
SM
MD
LG