Accessibility links

Breaking News

Jij: Trump te Konnen Deklarasyon Kòm Kwa te Gen Koken nan Eleksyon 2020 an Sete Manti


Foto Achiv: Pwofese Dwa lekol Chapman, John Eastman temwaye devan yon komisyon La Chanm de Reprezantan, 16 Mas, 2017 nan Washington.
Foto Achiv: Pwofese Dwa lekol Chapman, John Eastman temwaye devan yon komisyon La Chanm de Reprezantan, 16 Mas, 2017 nan Washington.

Yon jij federal deklare lè ansyen Prezidan Donald Trump te siyen dokiman legal apre eleksyon 2020 an ki te gen ladann plent pou di te gen koken - li te konnen sete manti.

Jij David Carter ekri nan yon opinyon ki mezire 18 paj e ke li pibliye Mèkredi ke echanj kourye elektwonik ant Trump ak avoka John Eastman montre li tap fè jefò pou'l soumèt devan tribinal federal la fo deklarasyon e ke objektif li tap pousuiv la sete ranvwaye kontaj vwa elektoral yo, 6 Janvye 2021.

Jij la pase lòd pou yo pibliye lòt email ant Trump ak Eastman epi voye yo bay komisyon La Chanm dè Reprezantan kap mennen ankèt sou atak 6 Janvye kont Kapitòl la.

XS
SM
MD
LG