Accessibility links

Breaking News

Komisyon Lachanm: Trump Chaje Sèvis Sekrè Tèt Nèg pou Chanm nan Otèl li yo


Ansyen Prezidan Donald Trump pran la pawol pandan yon miting politik, Dimanch 9 Oktob 2022 nan Mesa, Arizona.
Ansyen Prezidan Donald Trump pran la pawol pandan yon miting politik, Dimanch 9 Oktob 2022 nan Mesa, Arizona.

Konpayi prive Donald Trump la te fè aranjman pou Sèvis Sekrè peye tèt nèg pou chanm otèl nan pwopriyete li yo ki depase pa omwens 40 fwa pri gouvènman Ameriken apwouve pou anplwaye li yo depanse lè y ap vwayaje. Nan fakti yo, gen owmens 2 fwa kote yo te chaje ajan yo plis pase $1,100 pa nuit.

Dokiman sa yo fè pati yon dosye komisyon Lachanm nan pibliye Lendi, nan kad ankèt lap mennen sou ansyen prezidan an.

Komisyon Lachanm ki Sipèvize aktivite gouvènman Ameriken an di Sèvis Sekrè a oblije peye plis pase $800 pa nuit omwens 11 fwa lè yo te rete nan otèl Trump yo.

Oganizasyon Trump la demanti li fè anyen ki ilegal. Li di li te dispoze chanm pou Sèvis Sekrè a san li pat ajoute okenn lajan oubyen li te ba yo gwo rabè epi li ajoute biznis la pat pwofite ditou de prezidans Trump la.

XS
SM
MD
LG