Accessibility links

Breaking News

Sous: Ekip Biden nan Jwen Lòt Dokiman Sekrè


Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo anvan limenm ak premye dam Jill Biden monte nan elkopte prezidansyel la Marine One, nan Lamezonblanch, Mekredi 11 Janvye 2023.
Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo anvan limenm ak premye dam Jill Biden monte nan elkopte prezidansyel la Marine One, nan Lamezonblanch, Mekredi 11 Janvye 2023.

Ekip legal Prezidan Joe Biden nan dekouvri kèk lòt dokiman sekrè.

Se sa yon moun ki familye ak koze a ki pale ak Associated Press Mekredi fe konnen.

Revelasyon an fèt kèk jou apre yon avoka kap travay pou prezidan an di avoka Biden yo dekouvri yon "ti gwoup" dokiman sekrè nan yon biwo li genyen nan Washington.

Moun nan, ki pale ak AP sou kondisyon pou yo pa site non li di ekip legal la jwenn lòt dokiman yon lòt kote.

Moun nan pa di kilè ni ki kote yo jwen dezyèm gwoup dokiman sekrè yo. Li pa bay non plis oken detay presi sou si dokiman yo te sekrè oubyen tòp sekrè.

XS
SM
MD
LG